Vodou Ayisyenpdf

Centre National de la Recherche Scientifique & Université d’Etat d’Haïti
Initially published 7 Mar 2022
Abstract: 

Vodou ayisyen an pran nesans nan kontèks esklavaj la. Yon relijyon fanmi Wa nan peyi Dawome, nan Afrik oksidantal, esklav sou lil Dayiti yo te tranfòme l kòm yon zouti pou yo rekonstui tèt yo ak fos liberasyon an. Konsa, vodou a te jwe yon wòl primodyal nan pi gwo revolisyon eskav yo reyisi nan tout listwa ak nan kreyasyon Ayiti kòm peyi endepandan. Nan komansman, antwopoloji a ki chita sou yon pèspektiv evolisyonis te konsidere vodou a tankou pwodui yon kilti primitif, moun ki pa sivilize, menm bagay ak maji ak sosèlri, lide sa a te tonbe dako ak mouvman kolonizatè ewopeyen yo. Konsa, Vodou a ta pral sibi plizyè vag pèsekisyon anba men klèje legliz katolik la. Poutan, pandan dènye deseni yo, antwopoloji a te montre ke senkretis ki nan vodou a, espesyalman jan yo reanplaye lapriyè sen ki konn fèt nan legliz katolik yo, se siy kreyasyon yon kilti nouvo ki genyen tolerans nan nannan l. Nou rive konprann panteyon (gwoup lwa òganize) ak rityel li gras ak yon antwopoloji ki chita sou ansanm teyori langaj ak wol senbolik li. Antwopoloji a montre nou tou, vodou ayisyen an se yon fason yo konsève memwa, epi li se patrimwàn pou tout Ayisyen e ke tout pèp dwe respekte depi diznevyèm syèk la.

Pou kòmanse

Relijyon ki ap onore antite espirityèl ak divinite ki anndan diferan domèn lanati (dlo, pye bwa, dife, e ak latrye) ak sa moun fè (travay, fanmi ak latrye), tou dabò vodou[1] a te pratike nan peyi gòf Benen yo, tankou Dawome oubyen aktyél Benen, Nijerya, Togo, Gine ak Gana. Nan rejyon sa a, oganizasyon sosyete a te chita avan dizuityèm syèk la sou fanmi, liyaj, vilaj ak etni. Yo chak te genyen pwòp divinite pa yo ki rele «Vodoun» ki te reprezante nan lang Fon an nan Dawome («Dahomey») yon fòs envisib, ki kapab itilize kò moun pou manifeste lè yon moun gen lwa. Kriz yo, nan kèk ka lagè ant gwout etni yo te pèmèt plizyè pratik nan koze relijyon rankontre, sa ki ta pral fè gen kèk divinite ki soti nan yon etni ale nan yon lot. Se sitou nan Dawome dizuityèm syèk la nou wè relijyon sa yo te konsantre anba men fanmi wa a.

Avèk trèt nwa yo (sa ki vle di komès ki tabli nan vann afriken) ak esklavaj ki komanse devlope depi premye deseni sèzyèm syèk la epi ki te kontinye vale teren, gras ak Compagnie francaise des Indes occidentales ki te kreye nan lane 1664 pou nou site limenm sèlman, plizyè milyon afriken ta pral depote an amerik. Divinite yo ta pral voyaje ansanm ak yo. Se konsa kèk relijyon ta pral parèt, tankou, Kandonble nan peyi Brezil, la Santerya nan peyi Kiba, epi Vodou nan Sendomeng, non koloni fransè ki ta pral vin Ayiti peyi endepandan nan lane 1804, epi ki ta pral divize an Ayiti ak Repiblik dominikèn nan lane 1821.

Pou w konprann vodou a, sa mande pou w panche dabò sou plizyè chanjman li konnen akoz eksperyans afriken yo ki soti nan yon pakèt gwoup etni diferan epi ki ta pral santi byen bonè nesesite pou kreye kondisyon pou yo libere tèt yo nan esklavaj. Rechèch nan antwopoloji yo ta pral manifeste anpil enterè pou gwo efò san parèy esklav yo deplwaye pou yo pwodui yon nouvo sistèm relijye ak kiltirel, ki mete ansanm an menm tan kèk eleman lakay diferan gwoup etni ki melanje sou teren an, sa enstitisyon kap mennen sistèm esklavaj la enpoze yo ak sa amerendyen kite kom eritaj. Se melanj plizyè kilti ak eleman ki pa sanble ditou yo ki bay vodou a orijinalite l.

Antwopològ yo separe fomasyon vodou nan peyi Dayiti a an (2) etap: Youn ki fèt nan peryod esklavaj la pandan disetyèm ak dizuityèm syèk la, yon lot ki komanse avèk endepansans peyi Dayiti nan lane 1804 ki kontinye jouk jounen jodi a ke kontèks politik la bay yon fòm nouvo. Pandan nap prezante pateyon (gwoup lwa òganize) vodou ak rityel li yo, nap mennen kesyon antwopoloji yo nan jan moun yo konprann divinite yo nan lavi pèsonèl yo ak lavi sosyete a. Malgre tout prejije ki tap sikile avèk antwopoloji a ki chita sou primitif ak sivilise, vodou a parèt kreyasyon yon kilti nouvo, yon espas memwa ak yon patrimwàn pou tout ayisyen e ke tout pèp dwe respekte.

Fomasyon vodou a ak esklavaj

Nan kondisyon trèt nwa a ak esklavaj la te lage afriken yo nan koloni a te rann difisil obyen menm enposib pou yo ta reprann eritaj relijye ak kiltirèl gwoup etni kote yo te sòti a. Esklav yo te pèdi kontak ak fanmi yo, liyaj yo, yo te konsidere yo tankou yon byen, epi kèk misyonè te prezante esklavaj la tankou yon opòtinite pou yo vin yon moun tout bon. Pa egzanp, Pè J.B Dutertre te deklare nan sans sa a: «Lavi esklavaj la se yon mwayen pou yo rive nan bonè a» epi «Se malediksyon yo kap fè yo jwenn Sali a» (1666: 35). Yo te prezante Lafrik tankou yon kontinan ki genyen yon bann sovaj ak primitif, epi ki anba sa nou te ka rele «malediksyon Cham», yon lejand ki apiye l sou istwa kanaran ak pitit li yo nan labib. Sa ki rele Cham nan yo te deklare li modi, desten li te fèt pou li vin esklav. Menm lejand sa a te bay Cham koulè nwa, epi se limenm ki ta pral sèvi depi disetyèm syèk la, tankou nan peyi Lawoland nan lane 1666 pou jistfye trèt nwa a ak esklavaj pèp nwa yo.

Konvèsyon esklav afriken yo nan relijyon krisyanis te dwe pèmèt yo ti kras pa vin gen kilti (ranmase kilti ewopeyen yo). Antwopoloji a ki te fenk ap parèt pandan dizuityèm ak diznevyèm syèk la te estriktire selon yon pèspektiv evolisyonis (Duchet, 1971) ki te pretann fè ewopeyen yo pase pou moun ki pi avanse sou latè nan echèl mounite a, pandan afriken yo menm nan pi ba echèl la.

Piblikasyon kod nwa Louis XIV ki te wa nan peyi Lafrans nan epok la te fè nan lane 1685 la te vize rann pratik esklavaj yo korek ak lalwa (legitim), yon ti tan tou kout aprè yo te retire Dekrè Nant (Edit de Nantes) la. Pibliye nan lane 1598, dekrè sa a te mete fen nan lagè relijyon nan Lewòp nan tabli lapè sivil ak lapè nan mitan relijyon yo. Lè yo retire li, Louis XIV te bay posibilite pou yo mete nan kòmansman kòd nwa a entolerans fas ak Pwotestantis ak Jidayis, epi bay lòd pou yo batize ak enstui esklav yo nan relijyon katolik. Atik 2 nan kòd nwa a pale konsa: «Tout esklav ki ap sou zile nou yo, ap batize ak enstui nan relijyon katolik, apostolik ak women». Pandan atik 3 a te deklare:«Nou entèdi pou tout relijyon ki pa katolik egzèse piblikman» (Sala-Molins 1987). La yo te vle pale de relijyon pwotestan ak jwif yo, paske pratik relijyon afriken yo te sanse pa egziste. Kòd nwa a te konsidere yo tankou pratik ki «pouse moun revolte» yon fason pou yo entèdi avèk fòs tou regwoupman esklav.

Li enpotan pou nou siyale kijan kondisyon travay esklav ki nan plantasyon ak lakay kolon yo te difisil anpil. Sistèm esklavajis la se mwayen ki pèmèt Lafrans vin rich nan Sendomeng, men tou tout Lewòp ki depote 12 a 15 milyon afriken anchennen ant sèzyèm e diznevyèm syèk, pou vin plante kann, koton, kafe, digo ak kakao (al gade pa ezganp, chif sou popilasyon yo nan Coquery-Vidrovitch ak Mesnard 2013: 122). Nan sendomeng, esklav yo te travay depi nan maten pou rive nan nwit anba gwo siveyans komandan ak frèt yo. Mèt yo te itilize yon estrateji pou anpeche esklav ki sòti nan menm gwoup etni yo travay ak viv menm kote, paske, pa nenpot mwayen an fòk yo te rete nan eta sèvitid la. An pratik, yon esklav pat genyen ni asandan, ni desandan. Se pou rezon sa a, kèk sosyolog pale de «mò sosyal», kidonk, mèt yo tap chèche retire nan esklav yo tout sa ki fè yo moun (Patterson 1982). Kondisyon travay sa yo, ki sanble tèt koupe ak kondisyon lavi moun ki nan kan konsantrasyon, te pouse esklav yo jwenn plizyè mwayen (estrateji) pou yo rekonstui tèt yo, sa ki vle di, kòde lòt lyen sosyal ki rann yo solidè nan batay pou liberasyon yo.

Seremoni pou mò yo nan fomasyon vodou a

Seremoni pou mò yo, sete yon fason pou esklav yo rete konekte ak tradisyon kiltirel ak relijye Lafrik yo, men tou, fondman nouvo pratik ak reprezantasyon yo te mete sou pye akoz de kondisyon demounizan enstitisyon esklavajis yo te mete yo. Seremoni pou mò yo pat yon senp eritaj Lafrik, li te vin genyen yon nouvo siyifikasyon. Si trèt nwa a sete yon depòtasyon ki rache endividi a nan fanmi l, liyaj ak klan li, yo te dwe atann lè yon esklav mouri, tout bagay ap mete an plas pou pèmèt yo resere lyen ak lakay yo. Lè antèman yon eskav ki mouri nan koloni an, sete okazyon pou fè anpil rityèl nan lide pou remete defen an kontak ak zansèt li yo. Nan yo, se divinite ki bay pwoteksyon nan liyaj ak gwoup etni defen yo yo tap chèche. Tikras pa tikras, yo te jwenn eritaj relijye ak kiltirel Lafrik la nan chèn siyifikasyon koneksyon mò yo ak zansèt yo ak divinite yo reprezante. Plizyè kwonikè ak istoryen siyale ke esklav yo te kwè yo kapab retounen Lafrik lè yo mouri, e sila ki te touye tèt yo yo, te konn fè konnen kèk fwa yo gen espwa pran chimen retou a.

Andeyò de koze entèman defen yo, nou wè de (2) lòt moman enpòtan nan fòmasyon vodou a. Premye moman gen pou wè ak sware dimanch yo te konn bay esklav yo, kòm tan lwazi yo, e sete pou yo okazyon pou yo danse, sa yo te rele (calendas) la. Dans sa yo te pèmèt yo rekonekte ak pratik Lafrik yo lwen je mèt yo. Dezyèm moman an, se sa yo rele mawonaj la (Fouchard 1988 [1972]), sa ki vle di, esklav yo chape poul yo al kache nan yon seri tèt mòn byen lwen, kote kèk fwa yo rejwenn ak kèk manm menm gwoup etni ak yo, antouka, kote yo òganize yon lavi lib. Mawonaj la te fè objè plizyè rechèch e yo rekonèt li kòm yon mwayen pou esklav yo te di yo vle libète yo, ki donk yon mwayen pou yo konteste kondisyon lavi yo kòm esklav (wè pa egzanp Fouchard 1962 ak Fick 2017).

Mèt ki te nan plantasyon nan Sendomeng yo te pè mawonaj la anpil e yo te prevwa gwo pinisyon pou sila ki ta riske fèl yo. Men, yo pat rive gen soupson sou fas kache pratik kiltirel ak relijye esklav yo, paske yo te tèlman manifeste angouman pou priyè, mès ak lapriyè sen ak Lavièj yo e montre yo souvan prese pou yo al patisipe nan posesyon. Imaj sen ki te dekore legliz katolik yo ke yo te fè esklav yo obligasyon pou yo lapriyè yo, te ba yo kèk detay pou kore reprezantasyon divinite Lafrik yo. Se konsa, senkretis la pral rete mak fabrik vodou ayisyen an, tankou «Candomble» brezilyen an ak «Santeria» kiben an.

Vodou ak soulèvman jeneral esklav 1791 yo

Apati segond mwatye dizuityèm syèk la, anpil lidè relijye ki sòti nan legliz katolik ak zòn mawonaj yo lanse mo dòd revolisyon an, epi mennen dèyè yo anpil esklav. Pami lidè sa yo, nou te jwenn, nan lane 1768, «Le Padre Jean» ki te chanje non li an yon rit vodou ki rele «petwo», «Colas Jambes Coupées» ki te pase pou yon sosyè e ki te mobilise esklav yo pou fini ak koze koloni a, e sitou, selèb Makandal ki te pwofetize depi 1751 sou disparisyon blan yo ak fen esklavaj la. Makandal te gen yon renome espesyalis nan resèt pwazon ak maji e non li rete kole ak pratik ak kwayans nan sòsèlri yo rele «makanda». Yo arete l epi kondane l pou yo boule li tou vivan nan lane 1758, Makandal, selon sa ki tap sikile nan koloni an, te rive chape nan flanm dife yo pandan li tounen yon leza. Gen kèk rechèch ki pa fèt lontan ki pale de yon «sit Makandal» (Midy 2003) revolisyon ayisyen an, paske se depi abitasyon yo te rele «Le Normand de Mezy» a, kote li tap opere nan Nò peyi a, lide soulèvman jeneral esklav yo ta kòmanse simaye tikras pa tikras. Fòk nou kanpe sou gwo evènman sa a nan istwa vodou a ki marinen ak pwosesis revolisyon anti-esklavajis la ki kreye nasyon ayisyen nan (wè Fick 2014)

14 dawout 1791, touprè mòn wouj, nan yon lokalite ki rele bwa kayiman, anviwon desan (200) esklav, kòmandè, kochè, esklav domestik, reprezantan divès atelye ki nan abitasyon sik yo elatriye… reyini pou yon seremoni vodou anba lidèchip Dutty Boukman, ki se yon esklav nan yon plantasyon nan nò peyi a ak ougan. Daprè premye temwanyaj nou genyen gras ak sa chirijyen Antoine Dalmas ki konnen seremoni an rapòte (1814), moun ki tap patisipe yo te sakrifye yon kochon pou divinite Lafrik yo epi sèmante pou yo mete bout ak esklavaj la ak òganize yon soulèvman jeneral. Yo te bwè san bèt ki sakifye a epi jire pou yo kenbe soulèvman jeneral ki pral fèt la an sekrè. Gen yon fanm ki rele Cécile Fatima ki te nan mennen seremoni an tou. Kèk istoryen (Geggus 2002), rapòte seremoni an nan yon vèsyon literè, ki ta vle fè kwè sete yon nwit kote loraj pat sispann gwonde. Yon semèn après, nan lannwit 22 pou debouche sou 23 dawout 1791, soulèvman an eklate: Tout plantasyon kann ak kafe, ak atelye sendomeng tap naje nan dife. Gen kèk bagay nan katolik la ki emèje tou nan kontèks revolisyon an. Yon mawon yo te rele «Romaine la Prophétesse» te deklare li se fiyèl Lavyèj Mari ki ta bal mesaj pou libere 4000 nwa ak milat nan esklavaj.

Bilan soulèvman an se yon dezas pou koloni an: yo touye plizyè santèn kolon (petèt menm mil), 1200 izin kafe ak 161 izin sik pèdi anba flanm dife. Gouvènman fransè a te evalye pèt yo a 600 milyon liv (Cauna 1987: 212).

Nan moman sa a sendomeng te yon depo sann, avèk 500000 esklav, ladan yo genyen kal monte yon bann kan mawon nan mòn yo, 40000 afranchi[2] milat melanje ak nwa, 30000 blan ki divize an «ti blan» (atizan, komèsan, maren ak solda) ak «gran blan» (plantè ak administratè). Kòd nwa 1685 la te tabli depi plizyè deseni rapò ant gwoup sosyal yo apati yon echèl ki chita sou ras moun yo, sòti nan blan, pase pa milat, pou rive nan nwa yo. Depi lè nouvèl revolisyon fransè a rive nan Sendomeng, diferan kategori sosyal ak rasyal yo kòmanse souke kò yo. Nèf lane aprè revolisyon ayisyèn nan, nan lane 1802, Nappoléon te eseye retounen ak esklavaj la. Sitiyasyon sa te mennen nan yon lagè kont 40000 solda Lafrans te voye yo, sa ki ta pral konfime endepandans peyi Dayiti. Li pwobab pou sosyete sekrè vodou yo te jwe yon wòl nan lagè sa a.

Aprè nou fin chita rasin ak enpòtans vodou a nan istwa nou, kounya li bon pou nou panche sou panteyon relijyon sa a ak rityèl li. E nap mande tèt nou, kisa antwopoloji a di sou sistèm kwayans ak pratik sa yo.

Panteyon vodou a ak rityèl li yo

Nou dekouvri nan Lafrik (tankou Benen ak Nigerya) twa tip vodou: Fanmi oubyen liyaj (hennu-vodu), vilaj (to-vodu) ak etni (ako-vodu) (wè deskripsyon tip vodou yo nan Benen nan Desquiron 1990). Divinite yo divize an gwoup ki nan syèl (Mawu-Lisa okipe li de lajounen ak lannwit, Gu bò kote pal ap jere linivè) epi gwoup ki sou tè (Agwe oubyen Agbe se mèt dlo, Sogbo mèt lapli); poun fini gwoup divinite loray yo (tankou Ogou-badagri mèt tonè). Nan ka pa Sendomeng/Ayiti, divinite lafrik yo (ke yo rele lwa, espri oubyen mistè) divize an Rada (ki reprezante Fon ak Yowouba yo), ak divinite Kongo ak Petwo (youn aprè lòt, pou mond Bantou a ak mond kreyòl la). Etni yo vin transfome an yon seri gwoup fanmi divinite (yo rele « Nanchon » oubyen nasyon) e fòme yon kokennchenn panteyon. Yo rekonèt Bondye se (Gran Mèt la) ki bay lwa yo, kòm divinite ki vini aprè li, dyòb yo se jere tout sa ki gen rapò ak latè. Ant moun yo ak mond lan, genyen divinite yo ki jwe yon wòl entèmedyè epi fòme yon sistèm imajinasyon ak senbolik, ki se baz lyen sosyal la, jan esklav yo rekonèt yo youn nan lòt, ak jan yo mete tèt yo ansanm pou yo revòlte.

Valè yon lwa nan panteyon an, se yon ti kras tankou yon mo nan yon lang : Valè li ka chanje e se sèlman nan opozisyon ak jan li konplete lòt lwa yo, kidonk, avèk tout fanmi divinite yo wap rive konprann li. Konsa, Legba se lwa «chèf fil» tout lòt yo, ki louvri baryè ki separe moun ak mònd lwa yo. Se toujou limenm Sen Pyè reprezante, li se tou gadyen tanp yo (ke yo rele Wonfò) ak bitasyon yo e yo rele l nan kòmansman chak seremoni vodou. Legba, lwa chèf fil divinite yo, se mèt kafou yo (yon seri kote danje ki resevwa wonga pou geri yon moun ki malad oubyen al depoze wonga pou frape yon moun yo konsidere kòm ènmi). Pami lwa enpòtan yo, fòk nou mete Ogou, ke Sen Jak Majè reprezante kòm yon gran konbatan, koulè prefere li se wouj, li renmen dife men li toujou rete konekte ak dlo kote li jwenn ak mètrès li, lwa Ezili, yon fanm chèlbé, dous, ke lavyèj mari reprezante. Ogou, se tou kouzen Zaka, lwa agrikilti a, ki limenm adopte brav gede kòm pitit li, ki se espri mò ak simityè yo. Anpil nan lwa sa yo soti nan rit rada, men espri sa yo kapab tout mèm fè pati de rit kongo ak petwo. Konsa, lwa rada yo jimo oubyen marasa yo, yo konsidere yo kòm lwa mechan (Heusch 2000). Lwa Bawon Samdi ki se chèf fil lwa mò yo, limenm nou jwenn li ni nan rit rada, ni nan petwo a.

Tanp vodou yo (wonfò)

Yo toujou onore lwa yo chak lè yo dwe fè sa, nan wonfò yo, ki se tanp vodou a ak kote yo fè seremoni yo. Ta sanble se avèk endepandans lan nan lane 1804 yo kòmanse konstui wonfò nan peyi Dayiti. Chak wonfò genyen nan tèt li yon ougan ki se mèt li, yon fanm ka gen yon wonfò tou, lè konsa yo rele li manbo. Nan rantre chak wonfò, ou souvan jwenn yon pye bwa, yon pye kalbas, ki se kote lwa legba rete.

Ou kapab twonpe w lew wè yon wonfò dekore ak imaj sen katolik, men an verite se lwa yo yap onore nan imaj sa yo. Imaj sa yo ki prezante lwa yo sou fòm moun yo, yo kole yo nan kay mistè yo, kote yo pote manje yo renemen ak objè senbolik ki mache ak yo, pi souvan lè gen seremoni. Pa egzanp, lwa Ezili ki se yon fanm chèlbè ap resevwa yon glas. Yon gwo sal yo rele (peristil), se li yo itilize lè gen seremoni kote yap danse ak chante pou lwa yo. Nan mitan peristil la gen yon poto yo rele (poto mitan) ki senbolize koneksyon ant mond syèl la ak mond tè a, li souvan gen yon desen de (2) koulèv sou li (Danbala-Wedo ak madanm li Ayida-Wedo ki marande ansanm tankou dlo ak dife). Se nan poto mitan an divinite yo pase pou yo sòti Lafrik, lè yo fin travèse anba dlo atlantik, pou yo vin jwenn sèvitè yo nan tanp lan. Ougan an oubyen manbo a, rèn kap mennen dans ak chante yo, wonsi yo kap prepare yo pou chante ak danse, epi moun ki vin patisipe yo ke yo rele «pitit kay» ke yo resevwa tankou manm sosyete a, yo ranje tou won, ak poto mitan an nan mitan yo. Anfas yo, gen yon òkès ki genyen twa (3) tanbou ki jwe wol enstriman sakre kap jwe rit lwa yo, pou lwa ka vini nan tèt sèvitè yo. Nan komansman chak seremoni, yo trase vèvè atè a ak kafe ak farin, ki se yon seri desen ki mache ak lwa yo, pou fè yo vini. Sou yon tab, yo depoze tout afè lwa yo : Manje ak tout lòt objè, tankou boutèy nanm.

Lakou Souvnas ak Soukri, yo konsidere yo tankou de pi gwo lakou nan peyi Dayiti, yo tou prè vil Gonayiv. Chak ane, pou fèt pak ak mwa dawout, yo resevwa anpil vizitè ak sèvitè, san nou pa bliye ayisyen kap soti lòt bò dlo yo. Fok nou di tou, chak ane, vodouyizan yo anvayi fèt patwonal legliz katolik yo, se yon okazyon pou yo fè pelerinaj vodou yo. Pa egzanp, lè 16 jiyè ki se fèt sodo yo konsakre a Notre Dam Monkamèl, plizyè dizèn milye pèleren vodouyizan toujou fè deplasman pou yo ale nan yon so selèb ki antoure ak anpil pye bwa yo konsidere tankou kay divinite ki mache ak Sen an. Souvan, pèleren yo ale nan legliz la, ki nan lokalite a, ak menm ouganman ke yo ale nan so a.

Kijan de espri lwa yo ye, kisa yo egzije? Lwa yo nan yo menm, pa ni bon, ni pa bon, yo sèvi ak nou selon jan nou respekte prensip yo bay yo. Nan mitan lwa yo genyen grad, sa ki pi wo a toujou vle pou pran ka li pi plis pase sa ki pi ba li la.

Sèvis lwa yo

Kijan pou nou byen sèvi lwa yo e kisa yo reprezante nan lavi pèsonèl moun yo tankou nan lavi kolektivte a. Yon moun resevwa youn oubyen de lwa kòm eritaj familyal. Lè konsa, yo pale de lwa rasin Gen plizyè fanmi ayisyen, ki genyen nan yon chanm, yon kote je moun pap tonbe, yon ti lotèl yo rele «wogatwa», yo depoze sou li foto yon sen, ki se lwa eritye fanmi an ke yo fè sèvis pou li chak lè yo dwe fè sa. Sou plan kolektif, gen kèk fanmi ki se pitit yon seri sosyete nan yon wonfò. Yo vin gade oubyen patisipe komsadwa nan yon seri seremoni ki mache kot a kot ak kalandriye litili legliz katolik la : Nan lannwit fèt nwèl yo mande lwa yo favè, 6 janvye ki se fèt wa yo yo fè yon seremoni ki reyini plizyè fanmi, 1er ak 2 novanm ki se fèt mò yo, se okazyon pou yo fè bèl fèt ki sanble ak yon fèt nasyonal nan simityè yo (Metreaux 19598 : 216ss). Pandan tout ane a, ougan ak manbo ap resevwa moun ki vin fè leson epi jwe wòl yo kòm moun ki konprann lagaj divinite vodou yo pou oryante moun yo nan sa yap fè nan lavi yo chak jou.

Pou w jwenn favè lwa yo, fòk ou ba yo sa yo bezwen chak lè ou dwe fè sa. Nou kapab jete dlo atè pou n ba yo bwè, se jès sa a ki ouvri seremoni yo. Nou sakrifye bèt tou (volay, kabrit oubyen bèf) pou nou ba yo manje (manje lwa). Fòk nou presize, chak rityèl yo dwe fèt egzateman jan yo dwe fèt la, si se pa sa, nou riske fè espri yo fache. Yon seremoni toujou mennen nan moman kote moun ap pran lwa, ki se yon fenomèn kote lwa rantre nan tèt vodouyizan epi li pran fòm ak jès li (lwa monte sèvitè li kom si l monte yon chwal). Depi premye siy ki montre lwa pral rantre a, asanble vodouyizan yo kòmanse prepare yo pou resevwa l pandan yap prezante l objè li yo. Lè lwa yo manifeste se siy seremoni a reyisi.

Gen kèk vodouyizan ki pa kontante yo de senp rapò tradisyonèl yo genyen ak lwa yo nan fanmi yo oubyen nan kad sosyete. Yo kapab genyen yon relasyon pi sere ak yon lwa oubyen yon lòt. Nòmalman, se lwa a ki sanse chwazi moun nan. Konsa, yon maryaj mistik kapab fèt aprè yon rèv, yon maladi, yon aksidan oubyen echèk vire tounen yon moun ap rankontre nan lavi l. Seremoni sa fèt tankou yon maryaj òdinè, yo beni bag devan temwen yo. Lwa dwe fè konnen li dakò ak maryaj la, nan dòmi oubyen li danse nan tèt yon moun kap patisipe nan seremoni an. Maryaj mistik la se yon fason yo pase yon moun eritaj lwa yo paske, se gras ak yon parenn oubyen yon marenn ki inisye deja ke transmisyon an kapab fèt, nouvo marye a vin fiyèl. Li dwe rezève kèk jou nan semèn nan pou li bay lwa kèk bagay li renemen epi pa fè bagay. Sa konn rive ke gen kèk vodouyizan ki al achete nan men yon ougan oubyen yon bòkò[3] lòt lwa ki pa lwa rasin li pou l kapab ajoute sou pwoteksyon l oubyen fè moun li konsidere tankou ènmi li mal. Se yon bagay ki riske paske yon lwa kapab mande w kèk bagay aprè ki ka difisil pou ou pou w ba li.

Inisyasyon an se yon rityèl fèmen nan yon wonfò, pandan plizyè jou. Moun lwa chwazi a, li pap fasil pou li pou l deside li pap sèvi. Men li ka deside vin yon inisye (wonsi kanzo) pou li kapab viv ak lwa a kole nan tèt li pou yon pwoteksyon san kanpe jiskaske li mouri. Inisyasyon an dire tan moun nan pran pou li aprann mès lwa a, fèy ak plant gerizon yo, manje yo, brèf tout sa ki konsène lwa a. Lè inisiye yo ap sòti (aprè yo te fin fèmen nan wonfò a) avèk parenn ak marenn yo bò kote yo, se yon seremoni solanèl. Lè inisye a mouri, yo dwe desounen li, ki se yon rityèl pou separe li ak lwa a, pou fasilite li travèse nan lòt mond lan. Se aprè yon bann tan inisye yon ougan ka vin yon moun lwa yo itilize pou bay mesaj, se wol moun jwenn an jeneral kòm eritye.

Nou kapab mete sosyete sekrèt vodou yo nan pratik inisyasyon yo, anpil moun kwè yo gen yon pouvwa senbolik. Yo fè pati eritaj Afrik Lwès yo, yo pote non chanpwèl, zobop ak bizango e se nan nwit sèlman yo reyini. Yo fonksoyne sou baz yon yerachi ki gen yon ougan nan tèt li ak tit anperè. Sosyete sa yo genyen pou objektif pwoteje vodou a ak tanp li yo, epi se yo menm ki gen pouvwa sòsèlri yo (wè Hurbon 1988 ak Justinvil 2020). Se sak fè yo pè yo. Imajinè sosèlri a se yon bagay protestan yo itilize anpil nan prèch yo, pou yo ka fè ayisyen kap viv nan katye popilè yo konvèti nan pwotestan (Hurbon 2001 : 227-44).

Avanse antwopoloji fè sou vodou

Pami pwoblèm ki kenbe atansyon antwopoloji vodou a nou jwenn fenomèn pran lwa a, sosèlri ak senkretis la. Sou koze pran lwa a, yo te panse ke sa gen pou wè ak yon pwoblèm mantal oubyen se yon kriz foli. Entèpretasyon sa a marande ak yon vizyon ki mete nan kategori anomal kapasite pou yon moun agite nan yon pwen pou l pèdi kontwòl tèt li. Fòk yo te tann travay Claude Lévi-strauss te tanmen aprè Marcel Mauss ak enfliyans nouvo rechèch nan lengistik yo nan lane 1950 pou konprann koze pran lwa a se yon fòm langaj. Pran lwa nan yon seremoni vodou se yon bagay nòmal pou tout moun ki prezan nan espas la. Sa pa etone pèsonn. Nou dwe konprann se yon bagay nòmal selon règ sistèm kiltirèl ki anfas nou an. Se nan suiv tras chimen analiz senbolik Claude Lévi-Strauss louvri a yo pral rive eksplike rapò moun yo ak sosyete a avèk divinite nan vodou yo (Hurbon 1972, 1987). Lè lwa a rantre sou moun nan, lwa dwe jwenn salitasyon espesyal, bat tanbou nan rit pa l la, danse dans li, epi objè senbolik li yo tankou manchèt si se lwa lagè a ki se Ogou. Seremoni ak rityèl yo ki se zak ki pèmèt rekonèt divinite yo fome yon lanagaj, yo pèmèt moun nan konn plas li nan sosyete a. Pandan yap suiv rityel sa yo, ayisyen yo di kiyès yo ye, pale de istwa pèsonèl ak moman difisil yo, epi santi yo gen fòs lwa yo avèk yo pou konbat ak lavi a. Sa vle di, pèdi langaj lwa yo riske mete moun nan nan yon batay ak pwòp tèt li, epi pèdi laganj tou bònman. Lwa yo pran responsabilite lavi moun nan, e li metel nan yon espas ki plen siyifikasyon ki pèmèt li bay yon sans ak tout bon ak move bagay ki rive nan lavi l.

An menmtan, konn gen lwa mande pou w toujou pwoteje kòw kont move lespri ak vye maladi yo ka voye sou ou. Rele lwa a pat janm yon bagay vay kevay, fòk li gen kòd li, kontwole, epi yon jan metrize. An jeneral, vodouyizan yo pa wè maji ak sòsèlri byen, pou yo, se yon kote negative ak danje nan vodou ke moun yo dwe kanpe lwen (Heusch 2000). Si nou pati de prensip ke espri kapab rantre sou yon moun (lwa yo oubyenn espri mò yo), yon ènmi kapab voye move espri (movè zespri nan lagaj chak jou ayisyen) sou yon moun pou fè l malad oubyen menm touye l. Inisyasyon ak maryaj mistik (maryaj ak lwa), se jis yon mwayen pou vodouyizan yo bay tèt yo plis pwoteksyon. Men nou pa dwe kite atè diferans etnològ Evans Pritchard (1972) fè ant maji (witchcraft) ak sòsèlri (sorcery); maji a se yon teknik ki gen ladan l gès, rityèl, objè materyèl ak konesans oubyen yon moun ki gen don, poutan sosèlri a se pouvwa pouvwa yo kwè sèten moun genyen pou souse fos vital youn lot moun.

Lòt pa enpòtan antwopologi vodou a fè, se travay Roger Bastide te fè sou senkretis lan. Melanj seremoni katolik (priyè, foto sen, angouman pou batèm) ak tradisyon ki pwòp ak Lafrik (divinite oubyen espri ki rete nan pye bwa, nan dlo, e ki kapab danse nan tèt moun) sa yo fasil sibi move entèpretasyon. Bastide (1967) montre pou pwemye fwa ke eleman kilitirèl nou wè anndan vodou yo pa senpman kole youn ak lòt, li aplike «prensip separasyon an» («principe de coupure») pou eksplike kominote nwa ki sòti nan esklavaj yo pase byen de yon sistèm relijye ak yon lòt. Prensip separasyon an pèmèt yo rann yo kont de jan yo kapab itilize yon eleman kiltirel oubyen yon lòt tankou yon mas pou konsève menm eritaj Lafrik yo, an menm tan pou bay yon nouvo entèpretasyon eritaj sa yo sou baz eleman yo prete nan yon lòt sistèm, vise vèsa. Alò, nou fas ak yon pwosesi kreyasyon kiltirèl ki mete ansanm plizyè eleman ki pa sanble epi ki pap ka fonn nan lòt.

Yon lot rechèch antwopoloji sou lanmou gade wol fanm ak gason jwe nan seremoni vodou yo. Lidwina Meyer (1999) montre nan liv sou mit yo, gen yon diferans kap parèt ti kras pa ti kras ant sèks maskilen ak sèks feminen nan fason yo mete pèsonaj sou sèn nan ak diferan wol yo ki ranje selon sèks yo. Sa fè nou sanse soti nan opozisyon tradisyonèl feminen/maskilen, espri/kò, idantite w/sa ki pa paw. Analiz sa a finalman kesyone wòl enferyè fanm yo ak plas ki pa chita sou anyen solid yo bay gason yo tankou yon moun inivèsèl. Men nou ka remake nan vodou a, pa genyen jan de diskriminasyon sa yo. Yon fanm kapab dirije (manbo) menmjan ak yon gason (ougan) epi jwe nenpot wòl nan wonfò a.

Prejije yo

Pandan premye mwatye diznevyèm syèk la, se sèlman premye chèf leta ayisyen yo ki te tolere vodou a men ki te gen krent pou akseptel kòm relijyon. Sete pito katolisis la kite relijyon Leta rekonèt. Elit nan peyi a konnnen ki wòl vodou a te jwe nan chavire sistèm nan nan moman revolisyon an, e yo te konnnen li ka debouche sou mete yon pouvwa paralèl sou pye. Yon lòt bò, vodou a te rete kole ak legliz katolik, e fonksyone prèske tankou pwason kraze nan bouyon ak li. Leta ayisyen te fè plizyè tantativ negosiyasyon ak Vatikan pou l te rekonèt ofisyèlman endepandans peyi Dayiti depi nan lane 1820 yo, e se jis nan lan 1860 yon konkòda ta pral siyen ant leta ayisyen ak Vatikan. A pati dat sa a, Ayiti te resevwa misyonè ki sòti Bretay nan peyi Lafrans pou vin fè entriksyon piblik ak mete kanpe pawas katolik nan tout rakwen peyi a (wè Delisle 2003). Klèje katolik la ta pral pwopoze yon nouvou vizyon de sivilizasyon nan peyi a, e fè vodou a pase pou yon kote yap fè maji, sosèlri ak kanibalis. Sete prejije sa yo ki te konn sikile deja sou pratik ak kwayans ki sot Lafrik yo. Daprè misyonè katolik yo, Ayiti dwe libere li de sa yo rele «tach afriken yo» ke vodou a reprezante, pou li mete tèt li nan menm nivo ak nasyon sivilize yo. Definisyon vodou ki chita sou opozisyon primitif/sivilize ki domine nan peyi a pandan lontan an soti nan fason misyonè ak administratè nan koloni a te wè l, epi misyonè ewopeyen yo nan diznevyèm syèk la (Spencer St John 1884).

Nap site pa egzanp yon pasaj nan diskou yon Evèk fransè te fè an 1896

Se la a ènmi prensipal nou an ye, li menm nou dwe fè yon lagè san kanpe avè l, yon lagè jiska lanmò. Gade l anfas, yon fason poun pi rayi l e plis detèmine pou n konbat li ak siksè […] Konbyen moun ki imajine yo ke vodou se yon bann vye dans ki pa sosyal ak pil manje. Vodou a se vrèman yon seremoni dyab: Li gen sakrifis li ak chèf siprèm li. Dans yo se sèlman deyò vilgè yon anndan lanfè (Kersuzan 1896).

Prejije sa yo mache men nan men ak mouvman kolonizasyon an yon fason jeneral, ki chita sou yon pwojè « sivilzatè» ewopeyen ki pran elan pandan diznevyèm syèk la. Antwopoloji a ki te fenk ap parèt nan fen dizuityèm ak nan diznevyèm syèk la te rete nan premye moman li yo pitit pwojè sa a, lè nou konsidere li te «mete nan yon lòd nan divèsite ant ras yo ak pèp yo, e ba yo yon plas, sa ki vle di, yon wòl nan listwa» (Duchet 1971), nan ka sa a wòl «sovaj la». Nan pèspektiv sa a, yon teyori rasis ki pretann li «syantifik» te prepare nan fen diznevyèm syèk la.

Vodou a pral sibi nan fyèv «sivilizasyon» an, de gwo vag pèsekisyon anba men legliz katolik, ki vin relijyon ofisyèl leta nan lane 1860. Nan lane 1896, li te pouse fidèl katolik yo voye jete pratik ak kwayans vodou yo, epi, nan lane 1941, li òganize yon gwo kanpay nasyonal pandan yap boule tout sa ki senbolize vodou yo ki rele «kanpay dè rejete», ki mande chak pawasyen fè sèman di li kite vodou tankou li «kite satan ak zèv li yo» (Métraux 1958: 298ss, ak Ramsey 2011). Jacques Roumain ki se ekriven ak fondatè biwo nasyonal etnoloji te kritike kapay sa anpil nan lane 1942, e biwo sa ta pral gen pou misyon ranmase ak pwoteje tout objè sakre vodou yo, epi fè pwomosyon pou rechèch sou tout aspè vodou a ak tradisyon kiltirèl peyi a.

Nouvo pozisyon entèlektyel yo: vodou a tankou kote ki kenbe memwa

Okipasyon ameriken nan peyi Dayiti soti 1915 pou rive 1934, ta pral okazyon tou pou vizyon negatif sou vodou a retounen sou sèn nan. Nan menm moman sa nou konnen yon nouvo pozisyon entèlektyèl ayisyen yo: Jean Price Mars pibliye nan lane 1928 yon liv konferans ki gen pou tit «Ainsi parla l’oncle», ladan l li pwopoze pou yo rekonèt kilti ayisyèn nan jwen sous li nan kilti afrikèn nan, kidonk, vodou a se yon relijyon tout ayisyen dwe reklame kòm afè pa yo. Kèk liv enpòtan (pa egzanp Métraux 1958; Verger 1957) prezante plizyè etnografi sou vodou ki rekonèt wòl li nan fè afriken yo te trennen sòti Lafrik vin nan esklavaj yo rejwenn diyite yo, e kòm yon kreyasyon kiltirèl orijinal ki kenbe idantite ayisyen yo.

Aprè plizyè tantativ manipilasyon politik avèk vodou a pandan trant lane diktati Duvalier yo François Duvalier deklare li se defansè vodou a men li ap itilize l tankou yon zouti politik lè li fè kèk ougan reprezante li nan kèk vil ak kanpay (Hurbon 1979). Gwo vag nouvo legliz pannkotis kontinye sekwe vodou a jouk jounen jodi a. Legliz sa yo, atravè prèch yo ap fè yo, fè moun yo gen reprezantasyon de sòsèlri kòm yon bagay vodou a kreye. Malgre sa, vodou a kenbe yon pozisyon transvèsal pa rapò ak divès sistèm relijye ki nan konpetisyon nan peyi a, lè nou konsidere yon vodouyizan pa gen okenn pwoblèm poul di l se katolik an menm tan, batize ak kominye anndan legliz. Menmjan vèsyon pannkotis nan pwotestantis la di koze lwa a se zafè dyab, men sa pa anpeche yo kwè nan rèv ak koze lespri rantre nan tèt moun nan, ke nou jwenn nan vodou a.

Avèk pwosesis demokratizasyon peyi Dayiti te konnen, aprè diktati a te fin tonbe nan lane 1986, yo te rache plizyè ougan paske selon sa ki di, yo te konn kore diktati a. Depi lè sa a, vodou a kreye pwòp òganizasyon pa l, pou defann yo kont destriksyon objè yo ak mank tolerans kèk lòt relijyon.

Malgre sa, vodou a tap cheche jwenn an menm tan menm privilèj ak lòt relijyon yo, tankou dwa pou yo jwe wòl ofis eta sivil lè gen batèm, maryaj ak antèman. Kèk lidè politik jouk jounen jodi a konn site vodou kòm «fòs mistik» nan diskou yo, yon fason pou yo legitime tèt yo nan mas pèp la. Men, sa ki pral fè boutofen yo rekonèt li kòm youn nan kote ou ka jwenn idantite pèsonèl ak kolektif pèp ayisyen an, se paske diferan kategori pwodiksyon atistik enspire de li pou yo pwodui, tankou: penti, eskilti, mizik, dans oubyen literati (Consentino 1995). Antwopoloji modèn nan pral oblije bay tèt li misyon etidye lyen sa yo, e lap dekouvri ke vodou se yon espas kote yo kenbe memwa non sèlman pou nasyon ayisyèn nan, men tou pou limanite. Aprè tou, li te yon referans nan batay esklav yo tap mennen pou rejwenn ak fè rekonèt diyite yo kòm moun.

Pou n fini

Vodou a bay okazyon pou plizyè rechèch enpòtan fèt sou rapò ki genyen ant li menm ak penti nayiv la. Nan sans sa a André Malraux te di nan lane 1975 ke sete «eksperyans ki pi enpresyonan, e se sèl limenm nou te ka kontwole nan penti majik ventyèm syèk la», men anpil atis ayisyen chwazi wout penti «sofistike» a, pandan yap rekonèt jan vodou a enspire moun (wè Lerebours 2018). Menmjan an, nap refere nou ak trè bel liv Gérald Alexis ki te parèt nan edisyon sèk da (cercle d’Art) nan lane 2000. Nou dwe tou, sou yon baz syantifik, fè envantè divès resous ki geri kò ak lespri ki genyen nan vodou a, gras ak konesans yo genyen sou plant yo ak jan yo ka itilize nan geri moun ki malad. Plizyè espozisyon te fèt sou penti ayisyen an nan peyi Lafrans, Laswis ak Etazini, men sou lot aspè kiltirèl yo Antwopoloji a dwe fè nouvo pa. Se sèten, vodou a rete yon kilti vivan ki vin pi rich, nan entegre dives enfliyans gras ak enpotans diaspora ayisyen an nan peyi (Etazini, Lafrans, nan Karayib la ak Amerik Latin nan) ki kontinye kwè ak pratike relijyon vodou yo.

Anpil kesyon kòmanse poze sou wòl vodou a nan revolisyon ayisyèn an, nan atitid woulem de bò gouvènman ayisyen yo depi lendanpans nan lane 1804 rive jis jounen jodi a, epi sou sosyete sekrè yo ke imajinè yo kenbe lespri ayisyen nan mas popilè yo. Nou dwe siyale tou, enpòtans yon rechèch sou objè sakre vodou yo ak sit ki senbolize rezistans ak sistèm esklavaj la ki se kote ki kenbe memwa : yo ka fè konnen pi byen, pwa revolisyen ayisyèn nan nan batay kont rasis kap fèt jodi a.

Vokabilè

Bòkò : se non yo bay ougan ki plis pratike maji, swa pou geri yon moun oubyen edel atake yon ènmi l

Desounen : se yon rityèl yo pratike lè yon inisye mouri pou wete lwa a nan tèt li

Kochè: se non ye te konn bay chofè kap kondui machin chwal ap trennen yo

Lwa : espri oubyen divinite (espri zansèt yo)

Lwa mèt-tèt : se espri inisye a resevwa jou inisyasyon li a pou pwoteje l, li kole inisye a ak yon lwa ki pou pwoteje l jiskaske li mouri

Lwa rasin : lwa yon moun eritye nan fanmi l

Manbo : prèt vodou fanm (pretès)

Manje-lwa : seremoni kote sèvitè lwa ap danse, pran lwa, ofi lwa yo manje yo renmen (li kapab vyann poul, bèf, cabri). Manje sa yo prezante nan yon seremoni pou onore espri yo oubyen geri yon moun lwa kenbe pou manje, anba otorite yon ougan obyen yon manbo

Ougan: prèt vodou

Pwen: pisans mistik yon moun al achete poul travay misitik oubyen fè aktivite ekonomik li fè pwogrè

Vèvè: Desen senbolik lwa yo

Pedji: Pyès espesyal lwa yo

Peristil: kay kote seremoni vodou yo fèt

Poto-mitan : yon poto nan mitan peristi l, se ladan l espri yo pase pou yo vin jwenn sèvitè yo

Wanga: rityèl maji pou geri oubyen atake ènmi

Wonfò: Tanp vodou

Wonsi: Inisye nan vodou

Bibliographie

Alexis, G. 2000. Peintres haïtiens. Paris : Edition du Cercle d’Art.

Bastide, R. 1967. Les Amériques noires. Paris : Payot.

Cauna, J. 1987. Au temps des isles à sucre. Paris : Editions Karthala.

Consentino, D. 1995. Sacred arts of Haitian Vodou. Los Angeles : University of California Los Angeles Fowler Museum of Cultural History.

Coquery-Vidrovitch, C. & E. Mesnard 2013. Etre esclave : Afrique-Amériques, XVe-XIXe siècle. Paris : La Découverte.

Dalmas, A. 1814. Histoire de la révolution de Saint-Domingue. Paris : Mame Frères.

Delisle, Ph.. 2003. Le catholicisme en Haïti au XIXe siècle : le rêve d’une «Bretagne noire». Paris : Karthala.

Desquiron, L. 1990. Les racines historiques du vodou. Port-au-Prince : Editions Deschamps.

Duchet, M. 1971. Anthropologie et histoire au siècle des Lumières. Paris : Maspero.

Dutertre, J.B. 1666. Histoire des Antilles habitées par les Français, t. 1-III. Paris : Jolly.

Evans-Pritchard, E.E. 1972. Sorcellerie, oracle et magie chez les Azandé. Paris : Gallimard.

Fick, C. 2014. Haïti, naissance d’une nation : La Révolution de Saint-Domingue vue d’en bas (trad. de l’anglais par F. Voltaire). Montréal : Les éditions CIDHICA.

Fouchard, J. 1988 [1972]. Les marrons de la liberté. Port-au-Prince : Editions Henri Deschamps.

Geggus, D. 2002. Haitian revolutionary studies. Bloomington: Indiana University Press.

Garrisson, L. 1998. L’Edit de Nantes, Paris : Editions Fayard.

de Heusch, L. 2000. Kongo en Haïti. Dans Le roi de Kongo et les monstres sacrés. Paris : Gallimard.

Hurbon, L. 1979. Culture et dictature en Haïti : l’imaginaire sous contrôle. Paris : Editions L’Harmattan.

——— 1987 [1972]. Dieu dans le vaudou haïtien. Paris : Payot et Port-au-Prince : Éditions Henri Deschamps.

Kersuzan, F.M. 1896. Conférence populaire sur le vaudoux donnée le 02 août 1896. Port-au-Prince : Imprimerie H. Amblard.

Justinvil, F. 2020. Sociétés secrètes en Haïti. De l’imaginaire au réel. Port-au-Prince: livre électronique.

Lacan, J. Ecrits. Paris: Éditions du Seuil.

Lerebours, M. Ph. 2018. Bref regard sur deux siècles de peinture haïtiennes. Port-au-Prince: Edition de l’Université d’Etat d’Haïti.

Lévi-Strauss, C. 1958. Anthropologie structurale. Paris : Plon.

Métraux, A. 1958. Le vaudou haïtien. Paris : Éditions Gallimard.

Meyer, L. 1999. Das fingierte Geschlecht. lnszenierungen des Weiblichen und Mannlichen in den kulturellen Texten des Oriha-und Vodun-Kulte am Golf von Benin. Frankfurt am Main : Peter Lang.

Midy, F. 2003. «Vers l’indépendance des colonies à esclaves d’Amérique : l’exception haïtienne.» Dans Haïti première république noire (ed.) M. Dorigny, 121-38. Paris : Publication de la société française d’histoire d’outre-mer et association pour l’étude de la colonisation européenne.

Moreau de Saint-Méry, M.L.E. 1958 [1797]. Description topographique, physique…. De la partie française de l’isle de Saint-Domingue. Paris: Société de l’histoire des colonies françaises.

Patterson, O. 1982. Slavery and social death: a comparative study. Cambridge, Mass.: Harvard University Press.

Price-Mars, J. 1928. Ainsi parla l'oncle. Compiègne : Bibliothèque haïtienne.

Ramsey, K, 2011. Vodou and power in Haiti: the spirits and the law. Chicago: University Press.

Roumain, J. 1942. A propos de la campagne antisuperstitieuse. Port-au-Prince : Imprimerie de l’Etat.

Sala-Molins, L. 1987. Le Code noir ou le calvaire de Canaan. Paris : Presses universitaires de France.

St John, S. 1886 [1884]. Haïti ou la république noire. (trad. J. West) Paris : Plon.

Verger, P. 1957. Notes sur le culte des orisha et vodoun à Bahia… et l’ancienne Côte des esclaves en Afrique. Dakar: IFAN.

Otè

Laënnec Hurbon, PhD Sòbòn, direktè rechèch nan CRS, e pwofesè nan Inivèsite Leta Dayiti (ILA), espesyalis rapò relijyon, kilti ak politik nan peyi Dayiti ak nan karayib la, li ekri plizyè liv, tankou: sekrè vodou yo (les mystères du vodou), koleksyon Dekouvèt, Pari, Galima ak Baba imajinè (Le barbare imaginaire), Pari, Edisyon sèf.

Tradiktè

Monfort Deya, licencié en Science politique, Masterant en anthropologie sociale, Université d'Etat d'Haïti. Text original: Hurbon, L. 2021.Vodou Haïtien. The Cambridge Encyclopedia of Anthropology, ed. Felix Stein. En ligne: https://www.anthroencyclopedia.com/entry/vodou-haitien


[1] Òtograf mo vodou a konnen plizyè etap: Pandan moman esklavaj la, premye kronikè ak administratè yo te ekri «vaudoux» oubyen «vaudou» pou fè parèt nivo sekrè ki genyen nan relijyon sa a, yo di ki primitif e yo wè tankou maji ak sòsèlri (Saint-Méry, 1958 [1797]). Nan zòn frankofòn yo, se òtograf «vaudou» ki te pi kouran e montre tout relijyon ki gen senkretis yo (Métraux, 1958). Poutan, avèk okipasyon ameriken yo sòti nan lane 1915 pou rive 1934, òtograf «voodoo» a te parèt nan laprès ameriken ak milieux Hollywoodiens ki makonnen voodoo ak poupe maji e kwayans nan mò vivan yo (ki se objektif fim sou zonbi yo). Chèchè ayisyen ki nan inivèsite ameriken yo, mete ak Ramsey (2011) te chita sou mannyè ofisyèlman yo dakò lang kreyòl la ekri, tout popilasyon ayisyen an pale, e te pwopoze òtigraf «vodou» pou voye jete tou vye imaj yo te mete sou relijyon an.

[2] Afranchi yo reprezante yon kategori etno-jiridik ki te ant blan yo (ki se moun lib) ak esklav nwa ki sòti nan peyi Lafrik yo. Yo se pwodui yon melanj (blan ak nwa), men ki kapab moun lib pubyen esklav (C. Coquery-Vidrovitch ak E. Mesnard 2013: 218).

[3] Yon Ougan se yon moun (gason) ki genyen yon wonfò e li resevwa rityèl ki pèmèt li dirije l. Poutan, yon bòkò se yon moun ki fonksyone deyò wonfò e ki pare pou «sèvi de men», sa vle di, fè maji pou moun defann yo, oubyen pou atake ènmi yo.

If you liked what you just read

The Cambridge Encyclopaedia of Anthropology is an open access resource. Please help us keep it that way by making a one-time or a regular donation. 

Support the encyclopeadia

Share

Top

top